The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 27 › Jeremiah 27:12

Jeremiah 27:12

Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv.

Bib La

In The King James Version

I spake also to Zedekiah king of Judah according to all these words, saying, Bring your necks under the yoke of the king of Babylon, and serve him and his people, and live.

In Context

11Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

13Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.

Read all of Jeremiah 27

Cross References

2 Chronicles 36:11Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a.

Jeremiah 21:9Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la.

Jeremiah 27:8Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li.

Jeremiah 38:17Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 27:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 27:11Jeremiah 27Jeremiah 27:13 →