Jeremiah 27:14
Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 28:10Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson.
Jeremiah 23:21Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.
Jeremiah 27:9Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan.
Jeremiah 29:8Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè.
Lamentations 2:14Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.
Ezekiel 13:22Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.