The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 27 › Jeremiah 27:6

Jeremiah 27:6

Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.

Bib La

In The King James Version

And now have I given all these lands into the hand of Nebuchadnezzar the king of Babylon, my servant; and the beasts of the field have I given him also to serve him.

In Context

5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.

7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.

Read all of Jeremiah 27

Cross References

2 Kings 25:28Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.

Psalms 50:10Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.

Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Jeremiah 43:10Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo.

Ezekiel 29:18-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 27:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 27:5Jeremiah 27Jeremiah 27:7 →