Jeremiah 27:8
Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 38:17Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.
Jeremiah 42:10Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn.
Ezekiel 14:21Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.