Jeremiah 27:9
Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:11Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
Deuteronomy 18:10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.
Joshua 13:22Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a.
Isaiah 47:12Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!
Jeremiah 23:16Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen.
Jeremiah 23:32Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.