Jeremiah 28:11
Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa: -Men mesaj Seyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo. Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso.
Cross References
1 Kings 13:18Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li.
1 Kings 22:11Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo.
2 Chronicles 18:22Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.
Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.
Jeremiah 27:2Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou.
Jeremiah 29:9Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.