Jeremiah 28:6
Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la:
Cross References
Numbers 5:22Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!
1 Kings 1:36Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!
Psalms 41:13(041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
Psalms 89:52(089:53) Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!
Jeremiah 11:5Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè!
Jeremiah 18:20Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Chonje jan m' te kanpe devan ou pou m' te pale pou yo, pou m' te mande ou pa fè kòlè sou yo.