Jeremiah 28:9
Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Seyè a ki te voye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso.
Cross References
Deuteronomy 18:21Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye?
Isaiah 44:26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
Jeremiah 6:14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.
Jeremiah 14:13Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.
Ezekiel 33:33Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.