Jeremiah 29:1
Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:12Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
Esther 9:20Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.
Jeremiah 28:4M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
Jeremiah 29:25paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
Acts 15:23Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.
Galatians 6:11Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'!