The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 29 › Jeremiah 29:18

Jeremiah 29:18

M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.

Bib La

In The King James Version

And I will persecute them with the sword, with the famine, and with the pestilence, and will deliver them to be removed to all the kingdoms of the earth, to be a curse, and an astonishment, and an hissing, and a reproach, among all the nations whither I have driven them:

In Context

17Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.

19Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute.

Read all of Jeremiah 29

Cross References

Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.

2 Chronicles 29:8Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.

Isaiah 65:15Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.

Jeremiah 18:16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 29:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 29:17Jeremiah 29Jeremiah 29:19 →