Jeremiah 29:25
paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
Bib La
In The King James Version
In Context
24Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam,
Cross References
2 Kings 10:1Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo:
2 Kings 19:14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.
2 Chronicles 32:17Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!
Nehemiah 6:5Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen.
Nehemiah 6:19Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m', yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y' al rapòte l' tou sa m' te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m'.
Jeremiah 29:29Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.