Jeremiah 29:6
Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje.
Cross References
Genesis 9:7Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
Genesis 24:3Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
Genesis 24:60Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.
Genesis 29:19Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.
Judges 1:12Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an.
Judges 14:2Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.