Jeremiah 3:10
Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.
Cross References
2 Chronicles 34:33Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.
Psalms 66:3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Jeremiah 9:1Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!
Hosea 7:14Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'.