Jeremiah 3:11
Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.
Ezekiel 16:47Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.
Ezekiel 23:11Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola.
Hosea 11:7Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p'ap vin wete l' sou yo.