Jeremiah 3:17
Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:39Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
Judges 2:19Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.
Psalms 78:8Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.
Psalms 102:23(0102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.
Isaiah 6:1Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.
Isaiah 49:18Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.