The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 3 › Jeremiah 3:20

Jeremiah 3:20

Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Bib La

In The King James Version

Surely as a wife treacherously departeth from her husband, so have ye dealt treacherously with me, O house of Israel, saith the LORD.

In Context

19Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.

21Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a.

Read all of Jeremiah 3

Cross References

Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 5:11Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Ezekiel 16:25Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal.

Hosea 3:1Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.

Hosea 6:7Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 3:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 3:19Jeremiah 3Jeremiah 3:21 →