Jeremiah 3:22
Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 27:8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.
Jeremiah 30:17Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 33:6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.
Hosea 3:5Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.
Hosea 13:4Seyè a di ankò: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè soti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou.
Hosea 14:4Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.