The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 3 › Jeremiah 3:24

Jeremiah 3:24

Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.

Bib La

In The King James Version

For shame hath devoured the labour of our fathers from our youth; their flocks and their herds, their sons and their daughters.

In Context

23Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.

25Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.

Read all of Jeremiah 3

Cross References

Jeremiah 9:18Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo!

Ezekiel 16:19Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.

Ezekiel 16:61Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.

Hosea 2:8Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.

Hosea 10:6Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 3:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 3:23Jeremiah 3Jeremiah 3:25 →