The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 30 › Jeremiah 30:11

Jeremiah 30:11

M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Bib La

In The King James Version

For I am with thee, saith the LORD, to save thee: though I make a full end of all nations whither I have scattered thee, yet will I not make a full end of thee: but I will correct thee in measure, and will not leave thee altogether unpunished.

In Context

10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.

12Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.

Read all of Jeremiah 30

Cross References

Exodus 34:7L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

Psalms 6:1(06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Isaiah 27:7Seyè a pa t' pini l' menm jan li te pini lènmi l' yo. Li pa t' touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap ansasinen l' yo.

Jeremiah 1:8Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa.

Jeremiah 4:27Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.

Jeremiah 5:18Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 30:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 30:10Jeremiah 30Jeremiah 30:12 →