Jeremiah 30:12
Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.
Bib La
In The King James Version
For thus saith the LORD, Thy bruise is incurable, and thy wound is grievous.
In Context
Cross References
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Jeremiah 15:18Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle.
Lamentations 2:13Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò!
Micah 1:9Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm.