Jeremiah 30:18
Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 29:19Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo.
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
Psalms 78:69Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Isaiah 44:26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
Jeremiah 23:3M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.