The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 30 › Jeremiah 30:19

Jeremiah 30:19

Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.

Bib La

In The King James Version

And out of them shall proceed thanksgiving and the voice of them that make merry: and I will multiply them, and they shall not be few; I will also glorify them, and they shall not be small.

In Context

18Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.

20Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo.

Read all of Jeremiah 30

Cross References

Ezra 6:22Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.

Nehemiah 8:17Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete.

Psalms 53:6(053:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.

Isaiah 27:6Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay.

Isaiah 51:3Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 30:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 30:18Jeremiah 30Jeremiah 30:20 →