Jeremiah 30:6
Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè.
Cross References
Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
Isaiah 29:22Se poutèt sa, koulye a, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò.
Jeremiah 6:24Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
Jeremiah 22:23Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.
Jeremiah 50:43Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
Hosea 13:13Nan tout malè sa a, Efrayim te gen yon chans ankò pou l' ta sove. Men, li twò sòt, l'ap pèdi chans lan. Se tankou yon ti bebe ki rive sou dat pou l' fèt men ki pa vle soti nan vant manman l'.