Jeremiah 30:8
Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa sou yo.
Cross References
Isaiah 10:27Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.
Isaiah 14:3Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.
Jeremiah 2:20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Jeremiah 27:2Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou.
Jeremiah 28:4M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
Jeremiah 28:13-Ale pale ak Ananya. W'a di l' men sa Seyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l' ak yon jouk bèf fèt an fè.