Jeremiah 31:1
Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
2 Samuel 7:24Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
Psalms 144:15Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Jeremiah 23:6Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.
Jeremiah 30:10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.