The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 31 › Jeremiah 31:14

Jeremiah 31:14

M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo. Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Bib La

In The King James Version

And I will satiate the soul of the priests with fatness, and my people shall be satisfied with my goodness, saith the LORD.

In Context

13Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.

15Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.

Read all of Jeremiah 31

Cross References

Deuteronomy 33:23Men sa li di pou branch fanmi Neftali a: Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a.

Nehemiah 10:39Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!

Psalms 36:8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.

Psalms 63:5(063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.

Psalms 65:4(065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.

Psalms 107:9Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 31:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 31:13Jeremiah 31Jeremiah 31:15 →