Jeremiah 31:15
Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
Genesis 37:35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.
Genesis 42:36Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
1 Samuel 7:17Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
Psalms 37:36Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!