Jeremiah 31:16
Men sa Seyè a di ankò: -Sispann rèl ou yo, Rachèl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi. Y'ap tounen soti nan peyi lènmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Cross References
Genesis 43:31Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Ecclesiastes 9:7Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Isaiah 30:19Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.
Jeremiah 23:3M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.