Jeremiah 31:17
Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Jeremiah 29:14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Lamentations 3:18Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.
Lamentations 3:26Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
Ezekiel 37:21Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.