Jeremiah 31:18
Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Cross References
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Psalms 32:9Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
Psalms 80:3(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
Psalms 80:19(080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
Psalms 94:12Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
Psalms 119:75Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.