The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 31 › Jeremiah 31:19

Jeremiah 31:19

Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.

Bib La

In The King James Version

Surely after that I was turned, I repented; and after that I was instructed, I smote upon my thigh: I was ashamed, yea, even confounded, because I did bear the reproach of my youth.

In Context

18Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.

20Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Read all of Jeremiah 31

Cross References

Deuteronomy 30:2si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,

Ezra 9:6Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.

Job 20:11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.

Isaiah 54:4Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.

Jeremiah 22:21Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.

Ezekiel 6:9Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 31:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 31:18Jeremiah 31Jeremiah 31:20 →