Jeremiah 31:20
Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 43:30Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
Deuteronomy 32:36Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
1 Kings 3:26Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen.
Proverbs 3:12Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
Isaiah 16:11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.