Jeremiah 31:22
Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
Jeremiah 2:23Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Jeremiah 3:11Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'.