Jeremiah 31:23
Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 28:9Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
Psalms 87:1Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
Psalms 128:5Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.
Psalms 134:3Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Isaiah 1:26Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.
Isaiah 32:16Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri.