Jeremiah 31:35
Seyè a mete solèy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmè a, li fè l' move. Se li menm ki Seyè ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:14Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
Job 26:12Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
Job 38:33Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?
Psalms 72:5Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
Psalms 74:13Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.