Jeremiah 31:36
Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:5Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
Psalms 89:36(089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
Psalms 119:89Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.
Isaiah 54:9Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
Jeremiah 33:24-Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò.
Amos 9:8Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.