Jeremiah 31:38
Men sa Seyè a di ankò: -Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Seyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
39Limit lavil la va konmanse la, l'a pran direksyon ti mòn Garèb la sou bò lwès, l'a vire bò Goa.
Cross References
2 Chronicles 26:9Ozyas ranfòse defans lavil Jerizalèm. Li bati gwo fò tou won bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak nan yon kwen miray la.
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
Psalms 102:17(0102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 31:27Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Daniel 9:25Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray.