Jeremiah 31:4
Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.
Cross References
Exodus 15:20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
1 Samuel 18:6Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.
Psalms 51:18(051:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo.
Psalms 149:3Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
Isaiah 14:1Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.
Jeremiah 1:10Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.