Jeremiah 31:5
Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 20:6Eske gen yon moun la a ki fèk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l' lan.
1 Samuel 21:5David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
Isaiah 62:8Seyè a fè sèman, l'ap kenbe l' avèk fòs ponyèt li. -Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje l'. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou.
Isaiah 65:21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.
Amos 9:14M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.
Micah 4:4Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!