Jeremiah 31:6
Wi, lè sa a moun k'ap veye yo va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò: Annou wè! Ann moute mòn Siyon, bò kot Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.
Cross References
2 Chronicles 13:4De lame yo kontre nan mòn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mòn Zemarayim, li pale byen fò, li di: -Koute m' non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayèl yo!
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 27:13Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.
Isaiah 52:7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
Jeremiah 6:17Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.