Jeremiah 31:8
Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:4Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò.
Psalms 98:3Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Isaiah 43:6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.
Isaiah 52:10Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
Jeremiah 3:18Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.