The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 31 › Jeremiah 31:9

Jeremiah 31:9

Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.

Bib La

In The King James Version

They shall come with weeping, and with supplications will I lead them: I will cause them to walk by the rivers of waters in a straight way, wherein they shall not stumble: for I am a father to Israel, and Ephraim is my firstborn.

In Context

8Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.

10Seyè a di ankò: -Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l'.

Read all of Jeremiah 31

Cross References

Exodus 4:22W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.

Deuteronomy 32:6Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?

Psalms 23:2Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.

Isaiah 35:6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.

Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.

Isaiah 43:16Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 31:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 31:8Jeremiah 31Jeremiah 31:10 →