Jeremiah 32:10
Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m' sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:34Seyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L'ap tann lè a rive pou l' pini yo.
Ruth 4:9Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.
Job 14:17Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
Isaiah 8:1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Pran yon gwo wòch plat ak yon sizo mason. Ekri pawòl sa yo sou li an gwo lèt: Prese piye, prese devalize.
Isaiah 44:5Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.
Jeremiah 32:25Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m' lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen?