Jeremiah 32:12
Mwen renmèt papye tè yo bay Bawouk, pitit gason Nerija, pitit pitit Makseja, devan Anamèl, kouzen m' lan, devan lòt temwen ki te siyen papye tè yo, devan tout moun peyi Jida ki te la nan lakou gad palè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Devan yo tout, mwen di Bawouk konsa:
Cross References
Jeremiah 36:4Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la.
Jeremiah 36:26Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo.
Jeremiah 43:3Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn.
Jeremiah 51:59Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja.