Jeremiah 32:17
-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l':
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Exodus 20:11Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.
2 Kings 19:15Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
Job 42:2-Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.
Psalms 136:5Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psalms 146:6Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.