Jeremiah 32:19
Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:32ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la, w'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.
Job 34:21L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.
Psalms 33:14Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
Psalms 62:12(062:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Psalms 111:2Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
Ecclesiastes 12:14Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.