Jeremiah 32:2
Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l' nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 3:25Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,
Jeremiah 32:8Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'.
Jeremiah 36:5Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo: -Yo defann mwen antre nan tanp Seyè a. Mwen pa ka mete pye m' la.
Jeremiah 37:15Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.
Jeremiah 38:6Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.
Jeremiah 39:13Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn yo