Jeremiah 32:24
Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
Deuteronomy 32:24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
2 Samuel 20:15Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l' tonbe.
Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Jeremiah 16:4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Jeremiah 24:10Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.