Jeremiah 32:31
Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l' la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m' fè, se move san l'ap fè m' fè. Kifè koulye a, mwen pa ka wè l' devan je m' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 21:4Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
2 Kings 22:16Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.
2 Kings 23:27Se poutèt sa, Seyè a di: —Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
Jeremiah 5:9Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa
Jeremiah 23:14Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Jeremiah 27:10Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri.