Jeremiah 33:12
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 17:26Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a.
Jeremiah 32:43W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l'. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò.
Jeremiah 50:19Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l'. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad.
Ezekiel 34:12Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.
Ezekiel 36:8Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.
Obadiah 1:19Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.